Sant Fòmasyon Dangbesi se tout yon sistèm nou mete pou edikasyon

Sant Fòmasyon DANGBESI, fonde pa Dumay Widner, Darati Kan Alovi Dangballayidan, se sèl lekòl ki ofri yon edikasyon ki marye ak kilti pèp ayisyen an. Sevre wi, nan SAFOD nou tou aprann timoun yo kisa ki genyen nan Vodou eritay zansèt nou yo. Timoun piti nou yo, nou aprann yo renmen aprann konsa plis y’ap grandi sa ap pemèt yo wè lekòl la yon lòt jan, sa va pèmèt yo tou konnen kisa viv ansanm vle di. Nou pa neglije non plis aprann yo konnen kisa zansèt yo pat sèlman Afriken, men yo te Endyen ak Ewopeyen tou, pandan nou pa neglije aprann yon vodou kise kilti yo.

MISYON NOU

Fòme ayisyen pou yo konnen tè sa a se zansèt yo ki te kitel pou yo, fe yo konnen tou se yon devwa ak yon reskonsablite yo genyen pou devlope li, fè li rich pou chak moun ka viv an pè sou li nan lanmou ak respè san youn pa dechire lòt, san youn pa fè dap piyanp sou byen pa lòt. Jiskaske youn dòmi gonfle epi yon bann lòt ap domi leve grangou.

VIZYON NOU

  • Bay ayisyen yo bonjan ledikasyon pou yo ka konprann pi byen idantite kiltirèl yo, Istwa ak misyon yo kòm aysyen.
  • Kreye yon lekòl ki respekte tout prensip ki fè yon lekòl, lekòl tout bon kote kelkanswa timoun nan kit pòv oswa rich, li te mèt nan nenpòt ki reljyon, depi li aksepte lojik SAFOD la kapab ladan.
  • Pèmèt timoun ki vodouyizan yo jwenn yon bon lekòl san yo pa bezwen kache sa yo ye.
  • Aprann timoun yo konnen epi renmen tout sa ki gen nan kilti yo.
  • Kontakte Nou

    Adrès Nou