"Nou pa sèlman yon Alovi men yon Eritye"

Sèman Alovi

Mwen se Alovi DANGBALLAYIDAN

Plant ki leve nan tè Ginen

Mwen sèmante: Sodjenmen! Sodjenmen! Sodjenmen!

Pou Mwen mache,

Sou wout Sajès, Tolerans ak Disiplin

Sajès, Tolerans ak Disiplin

Sajès, Tolerans ak Disiplin

Glwa pou DANGBALLAYIDAN WÈDO TOKAN!

Glwa pou DANGBALLAYIDAN WÈDO TOKAN!

Glwa pou DANGBALLAYIDAN WÈDO TOKAN!

DOKTRIN KAN ALOVI DANGBALLAYIDAN

Doktrin Kan Alovi Dangballayidan an soti nan travay plizyè potorik gason ak fanm tap fè pou yo te ka libere nwa yo nan lesklavaj. Men te gen youn ki te gen kouraj ofri tèt li, nonm sa a te rele JAN BATIS VIKSAMA.

Jan Batis Viksama te pase anviwon 22 lane ap rasanble moun pou li te kapab esplike yo Bondje lavi a pat kreye moun pou te esklav, fòk nou ka goumen pou nou soti anba tribilasyon sa yo pou limanite kapab konnen libète tout bon vre.

Se konsa kòm pa gen revolisyon san sakrifis menm jan pa gen akouchman san kase lezo, Jan Batis Viksama te deside bay san li pou koz sa a nan yon kokenn chenn seremoni ki te dewoule nan Bwa Kay Inan nan lannuit trèz pou rive katòz daou nan lane mil sèt san katreven onz (13 daou 1791).

Modòd la se te goumen pou elimine lesklavaj sou tout latè kote ki gen vi. Paske gen yon sèl Bondje epi Bondje sa a pa mande pou moun ap maltrete moun nan fè yo sibi tout kalite move tretman.

POTO KOLONN KAD

  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen BONDJE lavi a rele DANGBALLAYIDAN WEDO TOKAN, senbòl li se yon koulèv, men li pa koulèv.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen AYIDAN WEDO TOKAN se BONDJE Manman an ki se youn ak DANGBALLAH WEDO TOKAN BONDJE papa a, se sa ki bay BONDJE nou rele DANGBALLAYIDAN.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen DANGBALLAYIDAN BONDJE lavi a, pa gen kò menm jan ak nou menm moun epi tou, li pa gen resanblans ak anyen sof a li menm sèl.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen BONDJE se youn, se nou menm moun ki bali divès non dapre jan nou pale ak viv sou latè a.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen gen 3 prensip, SAJES, TOLERANS ak DISIPLIN ki se 3 poto kolòn Vi tout moun.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen DANGBALLAYIDAN WEDO TOKAN se Anvan kòmansman li se tou Aprè lafen.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen se nan DANGBALLAYIDAN WEDO TOKAN tout Kreyatè espirityèl yo soti.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen Jan Batis Viksama se Gran mèt espirityèl nou, vwayan ak revelatè ki te chwazi pou te vini retire nèg nan lesklavaj.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen se te Jan Batis Viksama ki te aksepte bay san li nan Bwa Kay Inan nan lannuit 14 dawou 1791, se pat yon kochon jan movèz lang yo renmen di a.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen tout Gid espirityèl yo ak sèk mistik yo vrè. Men, se souvan moun ki kite kò yo mennen yo, ki toujou vire nan enterè yo misyon granmèt la (BONDJE lavi a).
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen te gen Vwayan vivan, gen Vwayan vivan ap toujou gen Vwayan vivan pou avèti Alovi kou Egare yo.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen, lanmò se yon kafou nou dwe janbe pou n’al tounen jwenn DANGBALLAYIDAN, men nou dwe mache sou prensip reyèl GEDE NIBO ki se panse dwat, pawòl dwat ak aksyon dwat.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen gen lavi anvan nou te vin sou Tè a, pandan nou sou Tè a, aprè nou fin kite Tè a ap toujou gen lavi.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen : plant yo ak zannimo yo, gen nanm ak lespri menm jan ak nou menm moun. Men DANGBALLAYIDAN mete yo pou sèvi nou an byen. Nou gen pou devwa respekte, pwoteje ak onore yo.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen Lwa yo pa zouti travay pèsonn ni yo pap janm ka zouti travay pèsonn ; men pito yo se mesaje DANGBALLAYIDAN, yo se yon kantite ki pa kapab konte.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen tout liv ki pale de DANGBALLAYIDAN sou kèlkeswa non an, depi li pa fè diskriminasyon… Bon epi Itil! Men pi gwo liv pou nou menm Alovi, se LINIVÈ.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen lamoral pèmèt nou vin pi moun. Kidonk, nou dwe : Toleran, Gen pawòl dwat, Pa vòlè, Respekte tèt nou, Panse byen, Fè bon aksyon, Kite parese, Toujou sonje DANGBALLAYIDAN ak LWA yo ap viv nan nou.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN, nou konnen sèl fason pou nou kenbe relasyon nou ak DANGBALLAYIDAN, se fonn ak li nan inisyasyon, lè sa a nou pa sèlman yon Alovi men yon Eritye.
  • Nou Alovi DANGBALLAYIDAN nou konnen, paske gen yon sèl Bondje ki rele DANGBALLAYIDAN malgre yo bali divès non, yon jou tout limanite ap genyen yon sèl KAN (kominote, relijyon). Ak sèl KAN sa a limanite ap genyen yon sèl dirijan.

Louwanj ak Glwa pou DANGBALLAYIDAN WEDO TOKAN

Dirijan

KAD gen potomitan sa yo ki mete li sou pye

user

Darati Makandal

Fondatè

Se yon moun ki kwè nan Sajès, Tolerans ak Disiplin. Kwayans sa yo tou fè de li youn nan gwo referans Vodou nan peyi DAYITI. Li te fè li Inisye nan plizyè rit ak gwoup nan Vodou ayisyen an se jis pou li pate iyoran. Se gras ak travay sa a, kifè jounen Jodi a li rive rekanpe Vodou otantik zansèt nou yo, Kan Alovi DANGBALLAYIDAN depi le 22 Daou 2002.

Apran plis